WEBVTT
Kind: captions
Language: ht

00:00:00.000 --> 00:00:04.500
Kat milya san onz milyon dola.

00:00:04.500 --> 00:00:09.000
Se sa dyaspora ayisyen an voye Ayiti nan yon sèl ane — 2024.

00:00:09.000 --> 00:00:13.500
Chif sa a vre. Men jodi a, mwen pral sèvi avè l pou m ba w twa manti.

00:00:13.500 --> 00:00:17.000
Twa manti ou p ap menm wè pase.

00:00:17.000 --> 00:00:21.500
Byenveni nan Lojik360 — done, lojik, desizyon.

00:00:21.500 --> 00:00:27.000
Nan leson sa a, w ap aprann kòman pou w pa kite chif twonpe w.
